Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Flash: Gwo tansyon nan laplèn, nèg ak zam yo bloke lari a

Yon semèn aprè nèg ak zam yo te debloke, yo deside retounen bloke divès aks woutye nan wout Nasyonal nimewo 1 an.

Jodi vandredi 10 me 2024 la, tout lekòl yo se prese voye timoun yo ale lakay yo avan lè, paske divès kote nan wout nasyonal nimewo 1 an tankou Lilavwa ak santo retounen bloke.

news-details

Enfòmasyon yo fè konnen te gen yon cha kap antre Bon Repo, yon rejyon ki sou kontwòl nèg ak zam yo depi plizyè mwa.

Sitiyasyon sa lage gwo kè kase lakay Paran yo, pou jan ane lekòl sa ap mal dewoule.

Chak jou lekòl timoun yo fè, yap mande èske yap ka fè yon lòt pou jan sitiyasyon an pa sispann dejenere.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire