Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Bandi touye 3 Polisye UTAG epi boule yon blende Dèlma, Barbecue revandike zak sila

Bandi ak zam kontinye ap simen dèy nan mitan Polis Nasyonal la. Malfra yo touye 3 Polisye epi boule yon blende nan zòn San Fil, Dèlma 18. Selon SYNAPOHA.

Jodi dimanch 9 jwen 2024 la, nèg ak zam asasinen Fermetus Emelin, Piton Wikens Jean Junior avèk Clovis Peterson. Zak sa pase selon enfòmasyon redaksyon jounal la resevwa aprè polisye yo te pran nan yon pyèj bandi ak zam yo te tann pou yo.

news-details

Bandi yo boule blende a tou, ki fè, nan mwens pase 2 semèn, nèg ak zam yo boule 2 blende pou Lapolis la. (Youn Gresye, youn San Fil).

Polisye sa yo ki te fè pati inite UTAG alonje lis ajan bandi asasinen.

Yon ti tan aprè Krim sa rive, Jimmy Cherizier alyas Barbecue fè yon videyo pou l revandike zak sila epi montre 3 zam manche long li pran nan Kad atak sila.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


1 Commentaire