Le Placentin
<
news-details
Société

Lapolis kraze gwo mi bandi «400 Mawozo» t ap konstwi nan mitan wout nasyonal nimewo 8 la

Aprè atik redaksyon jounal la te soti ayè jedi 5 sektanm nan pou anonse otorite yo ke bandi 400 mawozo yo tap konstwi yon gwo mi nan mitan lari a, Jodi vandredi 6 sektanm nan, Lapolis anonse ke li kraze gwo mi sila.

«Sou enstriksyon Kòmandan an Chèf Polis Nasyonal la, M. Rameau Normil, Lapolis nan jiridiksyon kwadèboukè, akonpanye ak ajan UDMO/Lwès-2 epi seksyon anjen lou PNH, rive debloke Wout Nasyonal nimewo 8 la jodi vandredi 6 dawou 2024 la ki te bloke akoz yon gwo mi gang kriminèl 400 mawozo a te monte pou anpeche fòs lòd yo atenn sib yo nan kad operasyon PNH la lanse depi kèk jou pou rive demantle tout fwaye gang yo toupatou nan peyi a», se sa sèvis près PNH la anonse.

news-details

Lapolis la kontinye poul di «N ap soulinye nan moman fòs lòd yo t ap debloke wout Nasyonal nimewo 8 la, PNH la tire anpil kout bal avèk bandi yo ki t ap lanse tou kòktèlmolotòv an direksyon fòs lòd yo.»

«Men gras ak pwofesyonalism polisye yo, entèvansyon an reyalize avèk anpil siksè epi wout la rive debloke pou fasilite pouswit operasyon yo, patikikyèman lib sikilasyon manb popilasyon an.»

Operasyon sa yo pwouve aklè detèminasyon PNH la pou konbat bandi ak zam yo.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire