Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Non, PDG radyo IBO a pa mouri

Depi ayè samdi premye jen an, gen yon mesaj ki t ap sikile sou rezo sosyal la ki fè kwè PDG radyo IBO mouri. Malgre enfòmasyon sa potko klè, anpi l moun te gentan vrèman enkyete.

Maten dimanch 2 jen 2024 la, radyo IBO demanti enfòmasyon sa e fè tout moun konnen Hérold Jean François anfòm li pa gen anyen.

news-details

"Hérold Jean François se porte bien, il est en pleine forme. Il sera ferme au poste le lundi 3 juin", se sa nou Kapab li nan yon mesaj ki pibliye sou kont Fesbouk radyo IBO a.

Hérold Jean François se Direktè radyo Ibo epi animatè emisyon "Kisa Nou Vle", depi aprè jounalis Marie Raphaël Pierre avèk Roody Sanon te kite emisyon sa.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire