Le Placentin
<
Flash
news-details
Politique

Kèk militan politik prè pou enstale Guy Philippe nan Palè Nasyonal 7 fevriye kap vini la

"7 fevrye , 8 tè nan maten bonè , bonè n ap mete Guy sou pouvwa a , mwen prè pou m fè alyans ak lisifè, mwen prè pou m fè alyans ak IZO, TILAPLI, BABEKYOU, tout moun ki gen zam nan men yo ilegal nan men depi se pou jete Ariel , paske peyi paka rete san prezidan ..."

Se delkarasyon chòk sila ,Mertil MERLIN, tout moun konnen sou non nèg arab la fè nan mikro ak kamera TANDE KOZE TV, yon medya anliy jou mèkredi 31 janvye 2024 la.

news-details

Militan politik , pwòch Martine Moïse la fè gwo deklarasyon sa pandan l t ap bay ajans anliy lan yon entèvyou pou anonse ke li prè pou l pran pouvwa a pa nenpòt fason , li mèt fè alyans ak lisifè , ak moun ki gen zam nan men yo kit li legal , kit li ilegal, e li di ke se Guy Phillipe l ap mete sou pouvwa a 7 fevrye k ap vini la nenpòt jan , li fè apèl ak tout ajan BSAP yo ( Brigarde de la Sécurité des Aires Protégés), pou yo rejwenn li nan batay kont pouvwa anplas la.

Pou l fini, Arab envite tout popilasyon an nan batay politik la pou jete Ariel Henry , li gen Guy kò m kapitèn batay la .

N ap raple ke Guy PHILLIPE , Arab di li prè pou fè alyans ak Lisifè pou l chavire a PM DEFACTO a 7 fevrye ki gen pou vin la , LAPOLIS te arete l nan dat 5 janvye 2017 la pou dwòg ak blanchiman lajan , li te ekstrade nan peyi Tonton Sam , li te jije epi kondane nan peyi lèzetazini .

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Le Placentin

Journaliste

Le Placentin.

Laissez un commentaire


0 Commentaire