Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Men ki kantite kòb Ayisyen ak ameriken plis materyèl lapolis nan vil Mibalè jwenn sou Polisye ak lòt endividi ki tapral achte zam ak bal pou bandi yo

Jan sa tap sikile sou tout rezo sosyal yo jodi vandredi 29 mas la, 2 endividi ladan yo yon polisye jwenn lanmò yo apre ke Yon foul moun anvayi yon ti pòs polis nan Mibalè epi rache ak manchèt 2 mesye yo nan lokalite Devarye.

2 mesye sa yo se Alexandre Ananel, yon polisye grad A2, ki te afekte nan CBIM ak Musca Michelet ki se yon ajan sekirite konsèy elektoral provizwa a.

news-details

Malgre tout jefò polisye te fè pou te pwoteje yo, popilasyon an ki te an kòlè mete lapat sou mesye sa yo ki te gen nan valiz yo lajan ki evalye a plis pase 6 milyon 300 mil goud ak 20 mil dola ameriken nan moman arestasyon yo.

Lajan sa selon enfòmasyon ki disponib yo se te pou ale achte bal ak zam pou gang yo sou fwontyè a nan nivo Beladè.

Lapolis jwenn sou yo tou 2 pistolè 9 mm ak 6 chajè ranpli ak bal ak yon bwat 50 katouch 9mm.

Lapolis konfiske tou yon machin Nissan Xterra koulè nwa, ki gen nimewo plak AA-49833 ak 7 telefòn pòtab.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Le Placentin

Journaliste

Le Placentin.

Laissez un commentaire


0 Commentaire