Drame nan pase mèkredi 21 oktòb bò vè 11:30 nan aswè sou pakin Walmart ki nan Cedarbrook Plaza Shopping Center, 1000 S. Easton Road, nan zòn Glenside, Cheltenham. Lapolis ki te resevwa apèl pou yon kout zam, lè yo rive yo jwenn anplwaye a, Cooper, kouche bò kote machin li ak yon bal nan tèt. Yo te deklare l mouri sou plas.
Otopsi ki fèt 22 oktòb la konkli viktim nan mouri ak plizyè bal. Lanmò a kalifye kòm omisid. Dapre ankètè yo, kamera siveyans montre yon nonm ak mask kache bò yon touf toupre antre magazen an, yon ti moman anvan dram nan.
Yon kòlèg travay Cooper rakonte lapolis yo te sot fini sèvis yo lannwit mèkredi a, yo t ap pale sou pakin nan lè yon nonm ak mask pwoche, rale yon zam epi tire sou Cooper anvan l kouri travèse Cheltenham Avenue pou antre Philadelphia.
Lapolis idantifye sispèk la kòm Destino Jean-Louis. Selon ankètè yo, li te konn travay nan Walmart Glenside la tou epi li te nan relasyon ak Cooper. Dosye yo montre yo te jwenn yon lisans maryaj 31 mas 2025.
Ankètè yo endike Jean-Louis, ki se nasyonalite ayisyèn, ta marye ak Cooper pou l te eseye regilarize estati imigrasyon l Ozetazini. Robert Clark, nan Fugitive Task Force U.S. Marshals la, deklare otorite yo te kesyone lejitimite maryaj la e Cooper ta deside pa kontinye ak pwosesis la. « Mwen kwè estati sa a te anile paske yo te panse maryaj la pa t kredib e kidonk mwen kwè nan moman sa a viktim nan pa t vle pouswiv demach yo ankò », Clark deklare.
Yon kòlèg travay di Jean-Louis te revoke nan Walmart akòz pwoblèm imigrasyon, li te konn rele anplwaye yo pou mande orè travay Cooper, epi li ta admèt li te konn bat Cooper pandan relasyon an. Vandredi 23 oktòb, U.S. Marshals yo arete Jean-Louis nan yon kay nan Philadelphia. Lè yo fouye kay la, yo di yo jwenn yon ti sache ak 11 bal kalib .22.
Dosye telefòn li ta montre plizyè vwayaj ant kay Philadelphia a ak Walmart Glenside la nan semèn anvan krim nan, epi li ta plase l sou pakin nan nan moman fiziyad la. Destino Jean-Louis inkilpe pou mèt premye degre, twazyèm degre ak lòt chèf akizasyon. Pa gen avoka ki parèt pou li nan dosye tribinal la pou kounye a.
0 Commentaire