Le Placentin
<
Flash
news-details
Administration

Reyaksyon SYNAPOHA sou enstalasyon Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an

SYNAPOHA a ki se youn nan 2 sendika PNH la genyen, di li pran ak de enstalasyon 9 konseye Prezidansyèl yo nan dat jedi ki te 25 avril 2024 la.

Sendika Nasyonal Polisye Ayisyen yo di li swete Konsèy la bay kesyon sekirite priyorite anndan peyi a. Yon demand ki fèt nan yon kontèks kote pandan 9 moun yo tap prete sèman se gwo katouch ki t ap chante nan tout antouraj Palè Nasyonal ak divès lòt zòn nan Pòtoprens.

news-details

SYNAPOHA a mande yo bay Polisye yo plis mwayen pou kontinye fè travay la.

Yon lòt bò SYNAPOHA a swete tou Konseye yo ki te Lapolis fè travay li san yo pa enplike l nan koze politik. Yon fason pou pakab pi byen batay kont fenomèn ensekirite a epi mete lapè.

Ayiti depi plizyè lanne ap fè fas ak yon sitiyasyon sekirite ki trè kritik. Kriz sa frape tout sektè nan vi nasyonal la e se sa ki te fè ansyen Premye minis Ariel Henry ekri Kominote entènasyonal la pou mande deplwaye yon fòs etranje nan peyi a.

Plis pase 90 mil moun ki te kapital la nan dènye jou sa yo, selon divès enstans entènasyonal yo.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


1 Commentaire