14 avril 2026- Yon lòt move nouvèl pou kominote ayisyèn nan nan peyi chili. Yon chyen wete lavi Jomarlaika Bongarçon nan jou samdi ki te 11 Avril 2026 la.
Jomarlaika Bongarçon se non fiyèt Ayisyèn 3 lanne sa ki pèdi lavil nan peyi chili nan lokalite Chillàn, samdi pase.
Daprè enfòmasyon jounal lokal yo, manman defen ap travay ak mèt chyen an, li gen reskonsablite siveye chyen an, okipe li etc... Nan moman dram nan pase a, manman Jomarlaika te jis deplase pou al regle yon bagay pandan 2 a 3 minit, chyen an fonse sou Jomarlaika li pranl anba kou epi tou touye li.
Toujou daprè medya nan peyi a, se pa pou premye fwa chyen sila ap touye moun. Dènyeman li te fonse sou yon dam ak tout pitit li, pitit la mouri kèk jou aprè.
Se yon dram ki lage anpil tristès nan mitan kominote ayisyèn nan nan peyi chili....RIP Jomarlaika Bongarçon!!!
0 Commentaire