Pwosè sou asasina anyen Prezidan Ayisyen an kòmanse nan dat 9 mas nan peyi Etazini, kote ke Lajiatis amerikèn ap gen pou tande plizyè endividi, ki deja kondane pou pase tout rès vi yo nan prizon ak kèk lòt ke yo te enkilpe. Semèn pase a Lajiatis tap tande youn nan otè kle asasina ki se John Joel joseph. Nan moman sa kondane a te eksplike 5 konplo ke yo te rate avan yo te rive atenn Prezidan Jovenel moise.
Premye konplo a se te 7 jiyè 2021, nan ti bwa, kote konplotè yo te gen yon manda ke jij enstriksyon Roger Noëlcius te siyen pou arete Prezidan Jovenel. Nan konplo sila, jij Yvickel Dieujuste Dabrésil tap genyen pou vin Prezidan, epi Mario Beauvoir Premye minis, konplo sila te arive dejwe, Jij Dabrésil ak plizyè moun te jwenn arestasyon yo, presyon politik te arive koz Lajistis nan peyi dayiti libere yo kèk jou aprè.
Dezyèm konplo a se te nan moman Prezidan Jovenel tap genyen Pou soti ak Ekwatè nan mwa me 2021, konplotè yo te moute plan pou kidnape li, epi egzile li nan yon peyi etranje. Plan sa pat egzekite pou mank materyèl.
Twazyèm konplo: Daprè John Joël Joseph, yo te aprann ke Prezidan Jovenel Moïse genyen poul te al wè yon sèl ki abite nan Dèlma 75. Donk yo te pare Pou te kidnape epi dwoge Prezidan pou fèl siyen demisyon li. Sak fè konplo sa Pat rive posib, se yon sèten de Alex ki Pou te pote dwòg la soti nan peyi Etazini li Pat potel, yon komisè te di lap voye yon bakòp polis Pou ede yo li pat fèsa, epi tou yo te bezwen yon kamyon tou, kamyon Pat disponib.
Katriyèm konplo: Nan moman ke Prezidan Jovenel Moïse te genyen pou soti nan peyi Tiki, Daprè John Joël Joseph, Joseph Félix Badio te bay ide pou te tou kidnape Prezidan pandanl tap soti ayopo fèl siyen lèt demisyon li, egzile li nan peyi etranje. Konplo sila te rate Pou mank efektif .
Senkyèm Konplo: Toujou daprè John Joël Joseph, pou konplo sa se tap òganize yon mega manifestasyon, kote ke manifestan tapral antre nan Palè a epi pou yo te kapab tou touye Prezidan Jovenel. Mesye yo te vin reflechi ke Prezidan prèske pa ale nan Palè, epi tou li tap vrèman difisil ak tout sekirite sa yo ki nan palè ke yo tapral Kite popilasyon an antre.
Sizyèm konplo : Sizyèm e dènye konplo a, se li menm ki te rive reyalize 6-7 jiyè 2021 , kote asasen yo te arive gen kontwol antouraj Prezidan, penetre lakou li, retire lavi li epi Blese grav madanm li ak plizyè bal nan men. Nan moman entèwogasyon yo, John Joel joseph kontinye fè plizyè revelasyon ki ap kapab ede jistis amerikèn nan ateri sou lòt pis, epi mare plis moun ke yo santi ki koupab.
0 Commentaire