Gwo operasyon nan komin Gresye jodi jedi 24 septanm nan. Nan kad seri operasyon san pran souf PNH la ap mennen kont gwoup gang ame yo, 3 bandi blese mòtèlman nan echanj kout zam ak fòs lòd yo nan zòn Mòn Monvil. Pandan fouy la, Lapolis sezi 3 gwo zam fann fwa ki se yon M14, yon M16 ak yon Galil. Daprè premye eleman yo, zam sa yo se te materyèl PNH gang yo te pran anvan.
Se yon operasyon konjwen ki te mobilize gro inite espesyalize yo: SWAT, UTAG, BRI, BOID, sèvis dwon ak ransèyman. Se sou inisyativ Komisè Prensipal Alix Appolon, nouvo kowòdonatè misyon PNH la nan Gresye, operasyon an te lanse depi Mòn Monvil rive Jasmen. Plizyè lòt bandi blese grav pran lafuit, pandan Lapolis ap reprann kontwòl plizyè zòn ki te pèdi depi plizyè mwa.
Operasyon sa a se yon pati nan plan pou reprann antre Sid kapital la ki te anba enfliyans gang yo. Objektif la klè: netralize gwoup teworis yo epi pèmèt moun Gresye yo tounen lakay yo. Komin sa a te vin tounen yon zòn fantom ak moun ki kouri kite kay yo akoz vyolans.
Bilan an montre PNH la ap bay rezilta, men li montre tou nivo danje a. Lè Lapolis rekipere pwòp zam pa l nan men bandi yo, sa pwouve jan batay la difisil. Kounye a popilasyon an ap mande yon prezans pèmanan pou bandi yo pa tounen tabli baz yo ankò.
0 Commentaire