Polis Nasyonal Ayiti, atravè Inite Depatmantal Mentyen Lòd (UDMO) Lwès 1, entèsepte yon machin nan zòn Pòtay Leyogàn, jodi vandredi 13 novanm 2026 la. Machin sa a, ki te genyen ladann plizyè bandi, te sou wout pou ale komèt zak kidnapin.
Pandan entèvansyon sila a, plizyè bandi sòti blese nan echanj kout bal ak Lapolis. Divès lòt ki pat ka reziste anba presyon Fòs Lòd yo te pran lafwit. Youn pami yo te blese mòtèlman.
Anplis, ajan Lòd yo rive sezi yon fizi AR-15 malfra yo te genyen ak yo pou ale komèt zak la.
Enstitisyon Polis la kontinye ranfòse prezans li nan Sant Vil Pòtoprens nan sousi pou anpeche aktivite gwoup kriminèl yo, dejwe plan yo epi amelyore kondisyon sekirite popilasyon an.
0 Commentaire