Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Yon nonm mouri nan Yon chanm Otèl, fanm ki te avèl la Sove

Yon dram ki gen anpil kesyon dèyè l rive nan sant vil Ans-À-Pitres nan mitan lannwit 31 oktòb pou rive 1ye novanm 2026 la.

Dapre premye enfòmasyon Le Placentin rive jwenn, yon nonm ki idantifye sou non Raul Ensikoni mouri andedan Complexe Remito S.A., yon otèl ki chita nan kè vil Ans-À-Pitres.

news-details

Selon yon sous ki te pale ak redaksyon an, viktim nan pa t poukont li nan moman ensidan an. Li ta akonpaye ak yon fanm. Menm sous la rapòte fanm sa a ta kite otèl la touswit apre evènman an fin pase.

Pou kounye a, wòl fanm sa a nan dosye a poko klè. Pa gen okenn detay ofisyèl ki di si li gen lyen dirèk ak lanmò a oswa si se temwen li ye. Lapolis poko kominike ofisyèlman sou idantite l.

Sikonstans egzak ki mennen nan lanmò Raul Ensikoni rete yon mistè. Eske se lanmò natirèl, eske se yon ensidan, oswa eske gen lòt bagay dèyè ? Otorite yo poko bay okenn rapò medikal ni rapò lapolis.

Popilasyon Ans-À-Pitres anba chòk aprè nouvèl la gaye nan vil la samdi maten an. Anpil moun ap poze kesyon sou sekirite nan espas otèl yo nan zòn nan.

Redaksyon Le Placentin ap kontinye swiv dosye sa a trè pre. N ap ret tann plis enfòmasyon bò kote otorite jidisyè ak lapolis nan Ans-À-Pitres pou pote plis limyè sou sa ki pase toutbon nan Complexe Remito S.A.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Le Placentin

Journaliste

Le Placentin.

Laissez un commentaire


0 Commentaire