Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Kowalisyon “Viv ansanm” nan pa sispann simen latwoublay

Kèk èd tan aprè gouvènman defacto a te fini pibliye dekrè ki kreye Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, se gwo kout zam kap chante plizyè kote nan rejyon Metwopolitèn Pòtoprens la.

Bandi ak zam yo pa chome. Yo sèmante Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an pap enstale nan kapital la. Depi ayè aprè midi 12 avril la pou rive jodi samdi 13 avril, la Polis nan gwo afwontman avèk nèg ak zam yo nan anviwon Palè Nasyonal la, Wout aryopò ak kèk kote nan Plèn nan.

news-details

Nap raplew nan plizyè videyo li mete deyò, chèf Kowalisyon Viv Ansanm nan, Jimmy Cherizier alyas Barbecue di yo menm yo pa rekonèt Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an ki se yon demach ki jwenn sipò Kominote entènasyonal la.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire