Le Placentin
<
news-details
Administration

Lapolis prezante yon dam ki fè tèt li pase pou polisye depi 27 lane

Lapolis arete Woostha Louis ki gen 27 lane depi lap fè tèt li pase pou polisye.

Sèvis laprès laolis nasyonal la prezante Woostha Louis alyas "Tata" jodi jedi 12 sektanm 2024 la. Li te jwenn arestasyon li lendi pase a.

news-details

Woostha Louis ki genyen 48 lane te gen sou li yon inifòm grad enspektris divizyonè, yon zam ak yon pè minòt e li te sou yon machin BMW nan moman ajan UDMO yo t ap entèpele li a.

Selon deklarasyon li devan anketè DCPJ yo, li konn frekante anpil espas piblik tankou komisarya yo.

Pou kounya, dam sa ki se manman 3 pitit ap kontinye reponn kesyon anketè DCPJ yo dèyè bawo.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire