Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Yon gwoup manifestan kouri kite ansyen senatè Moïse Jean-Charles anba gaz lakrimojèn douvan laprimati

Plizyè santèn militan te pran lari an jodi dimanch 04 fevriye a pou mande premye Minis defacto a, Ariel Henry wete kòl nan tèt gouvènman an. Jan sektè sendida ak anpil pati politik tankou EDE , Pitit Desalin elatriye mande ap Newochirijyen an sa.

Soti Kafou aryopò pase Delma 48 pou bout Kafou miso nan lokal Primati a, Lapolis pat sispann simen Gaz lakrimojèn sou manifestan yo ak Lidè Pati Politik Pitit Desalin lan, Moïse Jean Charles .

news-details

Boude, fache, debousole anba gaz militan yo pat met dlo nan bouch yo pou te lanse pawòl piman bouk kont polisye yo, rive menm trete yo de tchoul kap manje rès epi pran ti kraze monnen nan gouvènman an pou vin touye yo.

Bout pou bout, yon gwoup manifestan te fòse rive douvan lokal laprimati a malgre ajan lapolis yo tap maspinen yo ak gaz lakrimojèn, men malerezman militan yo te blije kouri kite ansyen senatè Moïse Jean-Charles ki te gen yon swadizan mesaj poul te delivre devan biwo Premye minis Ariel Henry an, twop gaz te koz lidè a li pat ka frekante epas la pou fè pase mesaj la.

<<mesaj pou m delivre a se devan pòt Ariel poum bay li, pou lemonn ka wè tray pèp Ayisyen anba men gouvènman sa>> deklarasyon lidè opoziyon fawouch pouvwa, Moïse Jean-Charles aprè pèp la te ale kitel douvan lokal laprimati an.

Pandan yon gwoup moun ap manifeste pou denonse ensekirite movèz gouvènans epi Mande Dr Ariel Henry kite pouvwa 07 fevriye kap vini la, yon lòt gwoup ap danse kanaval.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Daphney AIMÉ

Journaliste

Journaliste/Reporter , Assistante Administrative expérimentée; dynamique, responsable et laborieuse.

Laissez un commentaire


0 Commentaire