Le Placentin
<
Flash
news-details
Politique

Men 10 pwojè Jounalis senyò Yvener Foster Joseph PDG radio RSF di li tap reyalize pandan 3 mwa nan tèt peyi a

Menmjan li te fèl nan similasyon kandida pou pòs premye minis nan ane 2021 an, ane 2024 la li refèl, men fwa sa se pou Prezidan. Jounalis senyò Yvener Foster Joseph avanse oswa pwopoze 10 pwojè li tap fè pandan 3 premye mwa li nan tèt peyi a, nan ka kote li ta prezidan. Men 10 bagay oswa pwojè yo:

1. Nan 30 premye jou mwen rive sou pouvwa a m ap fè konstwi 10 magazen leta an prefabrike sou yon sifas 2000 mèt kare. Chak depatman ak gen youn. Se nan fèm agrikòl leta ayisyen yo m ap mande enstale yo. Pandan 3 premye mwa yo, tout franchiz sou enpòtasyon diri,lwil, ze tonbe; 2. Toujou nan 3 premye mwa m sou pouvwa a, m ap fè enstale nan 10 depatman yo, 10 mini izin pou fè lwil, savon, fab ak pwodwi netwayaj vesèl. Yo pa vann chè e yo fasil pou enstale;

news-details

3. M ap mete kanpe yon Biwo espesyal pou achte epi vann Zam, bal ak tout sa ki gen rapò ak materyèl/ekipman pou sekirite. Tout lisans pou achte bagay sa yo leta te bay biznis prive yo ap anile. Donk, se sèl leta k ap gen pou fè biznis sa. Tout moun ap achte nan men li; 4. M ap nome yon fonksyonè sivil kòm DG polis Nasyonal la, yon Eta majò k ap gen Ansyen wo grade ansyen lame d Ayiti a ak ansyen DG PNH; M ap fè chanje inifòm tout inite nan PNH la. Se nan akademi an tout inifòm yo ap koud. Yon inite espesyal ap pran fòmasyon nan koud ak preparasyon inifòm pou PNH ak Lame d Ayiti;

5. M ap fè alimante katye yo avèk jeneratris an atandan Ed'H repare rezo li yo nan tout peyi a pwogresivman. N ap achte ou jwenn yon koperasyon avèk Inyon ewopeyèn, USA pou ba nou 10 jeneratris k ap ka pouse 150 kilowat' Chak depatman ak gen youn. M ap fè enstale kyòs pou vann dlo nan tout komin ak seksyon kominal. Se DINEPA ak komite katye yo k ap jere sa; 6. M ap fè yo fè rekritman epi fòmasyon pandan 3 mwa a, 5 mil jèn polisye. Y ap deplwaye 500 nan chak depatman. Sa ap fè 5000 politisye. Rekritman yo ap fèt nan depatman yo. P ap gen transfè polisye nan depatman li pa orijinè. Si l ap transfere se nan komin, seksyon kominal li te rekrite a pou sa fèt;

7. M ap mande rekrite 2 mil jèn militè. 500 ofisye, 1500 solda. Tout sa posib nan premye 3 mwa yo ak volonte e senserite ekip k ap dirije ak mwen an. Tout bagay ap planifye anvan nou rive. Se ap jis aplikasyon. Y ap deplwaye nan fwontyè nou ak Repiblik dominikèn, nan ayewopò, pò ak sou lanmè; 8. M ap fèmen ONA, BMPAD ak CAS pandan 3 premye mwa yo pou bon jan refòm ka pote nan enstitisyon sa yo. BNC ap gen responsablite jere fon 3 entitisyon sa yo jiska nouvèl òd. Fon Nasyonal Edikasyon an ap fèmen tou donk, y ap sispann pran dola 50 sou transfè yo an atandan bon jan refòm ak transparans pote sou enstitisyon sa. CONATEL pap gen pou pran kòb sou apèl yo ankò;

9. M ap fè deplwaye ajan BSAP yo nan forè yo, nan tèt sous dlo yo, nan arebò rivyè yo, plaj yo epi sou tout arebò sit istorik yo: tankou sitadèl, vètyè, gwòt yo, elatriye. M ap fè konstwi yon lekòl fòmasyon nan kesyon anviwonman, agrikilti ak pwoteksyon sivil pou fòme ajan BSAP yo;

10. M ap fè rann Ajans Nasyonal Ransèyman an opersyonèl. Plis pase 1000 ajan ap opere sou 10 depatman peyi a. Yon bongkè ap konstwi pou sèvi sant operasyonèl Ajans lan. Se la Biwo pwoteksyon sivil la ap ye tou. Ekip pou mete tout bagay sa yo ak anpil lòt sou pye deja ap travay an Ayiti ak nan anpil peyi etranje. Anpil demach ap fèt pou tout dokiman estratejik, tout finansman jwenn, tout kad yo disponib pou kou nou rive pou se jis aplike; paske 10 premye pwen sa yo se baz gouvènans administrasyon mwen an. Si yo pa fèt byen, rès ane yo ap pèdi. Peyi a ap tonbe nan menm tenten yo.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Le Placentin

Journaliste

Le Placentin.

Laissez un commentaire


0 Commentaire