Le Placentin
<
Flash
news-details
Environnement

8 depatman Ayiti sou alèt glisman tèren avèk inondasyon

Jodi jedi 2 me 2024 la, Inite Idwometeyolojik peyi d Ayiti lanse yon avi inondasyon sou 8 depatman ki deja resevwa anpil lapli depi plizyè jou.

Plizyè fenomèn meteyowolojik te deja lakoz aktivite lapli sou Ayiti. Pou jodi a, se pasaj yon zòn bas presyon nan direksyon Lès peyi Kiba ki pwovoke lapli ak loray sou rejyon Karayib la.

news-details

Depi ayè, premye me 2024 la, akoz pasaj fenomèn sa a, gwo lapli kòmanse tonbe sou plizyè depatman tankou Lwès, Nò, Nòdès, Nòdwès, Nip ak Grandans.

Selon dènye bilten meteyo a, aktivite lapli yo ap kontinye jiska vandredi 3 me 2024 la. Sitiyasyon sa a ka lakoz inondasyon san zatann sou plizyè depatman ki anba lapli yo.

Pou rezon sila, Inite Idwometeyowolojik lanse avi pou menas inondasyon ak glisman teren sou depatman Grandans, Nip, Sid, Nò, Nòdès, Nòdwès, Lwès ak Sant.

Pou depatman Sid la, lanmè a kapab ajite, sa ki ka rann aktivite kabotaj yo difisil sou rejyon an. Operatè bato yo dwe pran anpil prekosyon sou lanmè a, selon yon nòt Inite Idwometeyolojik mete deyò.

Inite Idwometeyolojik ak Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil mande tout moun k ap viv nan zòn ki abitye gen inondasyon yo pou yo rete veyatif pandan yap aplike tout konsiy sekirite yo.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire