Le Placentin
<
Flash
news-details
Éducation

Ministè Edikasyon Nasyonal pran sanksyon kont kèk anplwaye ki enplike nan zak koripsyon

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl anonse li pran sanksyon kont kèk anplwaye ki enplike nan zak koripsyon pou manipilasyon nan zafè legalizasyon diplòm avèk sètifika.

MENFP a anonse, jodi jedi 6 jwen 2024 la, li deside sispann anplwaye ki enplike nan move zak sa yo e li pral fè swivi pou jwenn revoke yo.

news-details

"Ministè a pran desizyon sa a apre rapò ki soti nan Direksyon Afè Jiridik (DAJ) ak plent izaje li te resevwa kont anplwaye sila yo, epi tou apre verifikasyon sou akizasyon zak koripsyon sa a. Swivan enstriksyon otorite Ministè Edikasyon Nasyonal, Enspeksyon Jeneral Edikasyon Ministè a pral founi je gade pou apwofondi ankèt la, ak kolaborasyon DAJ, pou idantifye tout lòt moun ki ta enplike nan move zak sila yo, pou yo ka jwenn sanksyon yo merite dapre lalwa ak règleman sou kesyon an."

"MENFP pwofite raple piblik la, se sèlman yon resepise pou achte nan DGI pou chak dokiman y ap legalize anndan Ministè a. Okenn sitwayen pa dwe peye yon goud anplis pou sèvis sila a."

"MENFP fè sonje li te deja pran plizyè mezi nan batay l ap mennen kont koripsyon sou kesyon sa a tankou lè li te pran desizyon fèmen biwo Ministè a te genyen nan Babiole epi tout moun ka pran sètifika bakaloreya yo tou legalize, anliy, sou sit Ministè a. Anplis, Ministè a pa pran diplòm inivèsite pou legalize nan men yon moun. Se Inivèsite yo, yo menm ki dwe fè swivi direkteman avèk Ministè a atravè Direksyon Anseyman Siperyè ak Rechèch Syantifik (DESRS) ak DAJ ki anchaj kesyon sa a."

"Ministè a envite tout moun pote plent kont endividi k ap mande kòb pou bay sèvis aloske lalwa ak règleman yo pa mande sa. Konsa, nou ka rele nan Sant apèl Ministè a pou bay doleyans nan nimewo sa yo : + 509 31267519/+509 47204375."

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire