Endividi yo pa idantifye fè gwo menas sou anplwaye yo epi deside fèmen biwo Dwà n Okap la, ayè lendi 13 me 2024 la.
Daprè sa Administrasyon Jeneral Dwà n yo fè konnen sou kont X yo (Twitè), sitiyasyon sa a rive se aprè gwo sezi zam ak minisyon ki te fèt Okap 4 avril pase a. Administrasyon Jeneral Dwà n yo te deside voye yon Komisyon ki gen Ajan Ladwà n ki responsab pou ranfòse kapasite kontwòl Ladwà n Okap ak anplwaye li yo.
Endividi non idantifye sa yo ki pat kontan ak desizyon sa a, menase manm Komisyon an ki te oblije mete l a kouvè pou evite yo viktim anba men moun sa yo.
"Pou moman, moun sa yo ap fè yon operasyon ki rele: "Chache nèg Pòtoprens", ki vize sitou manm Komisyon an", se konsa nòt la fini.
0 Commentaire