Direktè Jeneral Polis Nasyonal la, Normil Rameau, vizite, ayè lendi 8 jiyè 2024 la, Pakè Pòtoprens lan ki genyen yon nouvo chèf.
Vizit sa fèt yon ti tan aprè Mèt Lionel Constant Bourgouin, ki ranplase Mèt Edler Guillaume, enstale kòm Komisè Gouvènman Pòtoprens lan.
Normil Rameau te akonpanye avèk plizyè wo grade nan Polis la.
Li pat fè deklarasyon piblik men li te pase yon bon ti tan ap diskite avèk Komisè a san prezans laprès.
Nouvo otorite yo deja fè anpil bèl diskou, anpil gwo reyinyon. Popilasyon an bò kote l ap tann bon jan aksyon pou retabli lapè nan kat kwen peyi a.
0 Commentaire