Le Placentin
<
Flash
news-details
Sport

Bandi touye kontab Sant espòtif Kafou a

Nèg ak zam yo pa sispann simen laterè nan mitan Popilasyon sivil la. Bandi touye kontab Sant Spòtif Kafou a wikenn pase a.

Se moun yo pa rive idantifye ki touye ak plizyè bal Serge Desvil, nan lannwit vandredi 17 pou rive samdi 18 me 2024 la nan komin Gresye. Li te pase plizyè ane nan pòs sa.

news-details

Se Jacques Hans Vilfort, Direktè Sant lan ki konfime nouvèl la sou radyo Karayib maten lendi 20 me 2024 la.

Malgre jefò PNH la deplwaye, bandi ak zam yo sanble pa deside bay vag. Pandan wikenn pase a plizyè zòn nan komin sa te gen tire e menm maten an Jounalis Radyo Karayib, Mackenson Rémy te lanse yon SOS pou Popilasyon an.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


2 Commentaires

  • author

    20-05-2024

    Nap mandé pou popilasyon an rété mobilize AK lapolis pouyo kwapé bandi

  • author

    20-05-2024

    Nap mandé pou popilasyon an rété mobilize AK lapolis pouyo kwapé bandi