Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

6 moun pèdi lavi yo nan katye Solino

6 moun pami yo yon polisye pèdi lavi yo nan katye solino jou jedi 24 oktòb 2024 la, aprè yon atak kowalisyon gang “ viv ansanm “ nan sou lokalite a.

Daprè 2 manm nan popilasyon an ki te pran Lapawòl nan emisyon “ le rendez-vous “ Jounal Gazette di ke atak sa te arive fèt nan lè 3è aprè midi yo, nan moman gang yo te anvayi yo, bal tap tire agoch a dwat, ki vin lakoz 6 moun mouri pami yo yon polisye ki rele Ralph Isaac ki fè pati 27tyèm pwomosyon Lapolis la.

news-details

Popilasyon solino a plenyen anpil pou fason fòs lòd yo mennen entèvansyon yo nan katye a, daprè popilasyon an, depi se nan cha fòs lòd yo rete, entèvansyon yo pap kapab pote fwi, paske bandi yo se nan koridò yo rete ap simen bal, oswa yo kache anndan kay.

Nan sans sa, popilasyon an rekòmande fòs lòd yo, pou se polisye ak sòlda fòs lame yo ki abite nan zòn nan pou yo materyèl pou mennen operasyon yo, paske se yo menm ki konnen koridò yo byen , sinon , rete nan cha yo pou ap tire ak bandi yo , se lave menm siye atè…

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Le Placentin

Journaliste

Le Placentin.

Laissez un commentaire


0 Commentaire