Le Placentin
<
news-details
Société

Lapolis mete men nan kòlèt yon yon twazyèm evade Penitansye Nasyonal

Lapolis nan vil Jakmèl arete, ayè madi 23 avril 2024 la, yon twazyèm evade ki te sove Penitansye Nasyonal nan kòmansman mwa mas la.

Endividi sa rele Davidson Fabien. Li genyen 38 lane. Ajan PNH yo nan depatman Sidès peyi a mete l anba kòd nan zòn "Dekouze".

news-details

Nan moman otorite yo tap odisyone li, Davidson Fabien avwe li te sove nan Penitansye Nasyonal nan dat ki te samdi 2 mas 2024 la nan Pòtoprens, selon enfòmasyon ajans Pousioupatkonnen rapòte.

Nap raplew 2 premye evade ki te jwenn arestasyon yo nan dat 15 ak 29 mas deja se Mackenson Joseph avèk Wilgert Jean.

Arestasyon sa yo temwanye jefò otorite yo ap fè pou pa kite move grenn vini refijye yo nan depatman Sidès peyi a.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire