Le Placentin
<
Flash
news-details
Justice

Lapolis ak Lajistis nan komin Gonayiv arete 3 prezime kidnapè

Nan yon rankont ak laprès, Vandredi 3 Me 2024 la, Komisè Gouvènman Gonayiv la, Me Guiverna Guillaume konfime gen 3 prezime kidnapè ki jwenn arestasyon yo nan zòn Byenak ak Asifa, 2 lokalite nan Komin Gonayiv.

Chèf Pakè a esplike, se nan kad yon operasyon Lajistis nan tèt kole ak Lapolis mennen, yo rive mete men sou prezime kidnapè ki rele Jean David la pandan li tal resevwa lajan yo te egzije fanmi viktim lan pou liberasyonl. Aprè Fòs lòd yo fin pran misye, li kondwi yo nan yon gwo lakou fèmen ki twouvel nan lokalite Asifa ki koz yo ta pral arete lòt 2 prezime yo.

news-details

Daprè pawòl Komisè Jiridiksyon an, 3 prezime kidnapè sa yo ki pote non: Jean David, Fednel Pierre ak Adrien Donald met ansanm epi kidnape yon ti demwazèl ki se nyès yon Avoka kap viv nan komin lan.

Komisè Guillaume mande popilasyon Gonayiv la pou kolabore ak Lapolis nan lide pou kwape tout endividi ki ta vle simen latwoublay nan Site endepandans lan.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Daphney AIMÉ

Journaliste

Journaliste/Reporter , Assistante Administrative expérimentée; dynamique, responsable et laborieuse.

Laissez un commentaire


0 Commentaire