Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Bandi ak zam kontinye simen latwoublay nan komin Gresye, plizyè kay anba dife

Byen bonè maten madi 14 Me 2024 la, bandi ak zam atake yon lòt fwa ankò yon lokalite ki rele Kolonbye nan komin Gresye.

Endividi yo gentan boule plizyè kay nan zòn sila epi bare wout la ak Yon kontenè pou anpeche Lapolis antre nan komin lan.

news-details

Pou kounya la, abitan nan kolonbye ap kite kay yo, yo mande pou fòs lòd yo prese vin pote yo sekou avan sitiyasyon an vin pi konplike pou komin nan.

Alòske, Fòs lòd yo te anonse yo repran kontwòl komisarya Gresye a yè lendi 13 Me a, sa pa anpeche bandi yo pandan menm jounen an, eseye mete dife nan vilaj "Bel Orizon" epi kontinye kowòdone zak malfezan nan mitan popilasyon an.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Daphney AIMÉ

Journaliste

Journaliste/Reporter , Assistante Administrative expérimentée; dynamique, responsable et laborieuse.

Laissez un commentaire


0 Commentaire