Le Placentin
<
Flash
news-details
Religion

Bandi ak zam sakaje kay pè ki responsab legliz "Épiscopale Saint Martin de Tours" a

Nèg ak zam yo sakaje kay pè ki responsab legliz "Épiscopale Saint Martin de Tours" la, aprè yo te fini rantre nan legliz la.

Selon enfòmasyon nou dispoze, malfra yo komèt zak sa ayè dimanch 7 jiyè 2024 la nan legliz sa ki twouve l ant Dèlma 3 ak 5 an fas Dèlma 20.

news-details

"Yo brake zam sou moun yo t jwenn nan kay la, yo tap mande pou Pè Jeannot, yo tap mande kote chanm Pè a ye, sak pi dwòl la yo t ap pale nan telefòn ak yon moun ki tap gide yo, sanble yo tap chache lajan ak yon lòt bagay enpòtan nou pa konnen. Yo vire chanm nan tèt anba", se sa youn sous yo eksplike redaksyon jounal la.

"Mwen di Bondye mèsi yo pa atake Mesye yo ki nan kay la, nou solisite lapriyè nou pou yo, pou tout kominote St Martin an kap soufri ak tout Pèp Ayisyen an an jeneral", se sa li ajoute.

"Malgre l fè nwa kouvri nou, nap viv avèk lespwa yon jou limyè ya va chase fè nwa pou lavi fleri ankò."

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire