Le Placentin
<
Flash
news-details
Politique

Lidè kowalisyon "Viv Ansanm" nan di l prè pou dyalòg

Lidè kowalisyon "Viv Ansanm" nan, Jimmy Cherizier, di li pare pou dyalòg, men li kanpe rèd kon ke makak kont Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an.

"Nou pou dyalòg. Men klas politik ayisyen an pa vle dyalòg." "Tout sa li vle se prezève sistèm aktyèl la." “Nou pare pou nou etidye tout solisyon toutotan tout Ayisyen di yo. Nou pare pou nou diskite ak tout moun paske nou pa fyè de sa k ap pase nan peyi a. Men, zam yo pral sèlman an silans lè lè a rive. E osi lontan ke nou pa gen plas sou tab negosyasyon an, peyi a p ap konnen lapè", se sa Babekyou di nan yon entèvyou li t ap bay sou Sky News, selon sa RFI rapòte.

news-details

Sou sijè fòs miltinasyonal peyi Kenya dwe dirije a, Jimmy Chérizier te bay yon repons kategorik kise "non". "Si lapolis oswa sòlda Kenya yo vini isit la, mwen pral konsidere yo kòm agresè, anvayisè. "Se pa kesyon ke nou kolabore ak anvayisè yo".

Nap raplew, sitiyasyon kawotik peyi a ap konnen depi 29 fevriye pase a, Kowalisyon Viv Ansanm te di se yo menm ki dèyè zak sa yo, nan Kad yon revolisyon yap pwone.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire