Le Placentin
<
Flash
news-details
Immigration

Etazini : konpariyòt Ayisyen Pierre Damas bel touye tèt li, aprè moman difísil li tap viv ak braslè elektwonik ajan ICE yo

Kominote ayisyen an nan Springfield, Ohio, resevwa yon gwo chòk. Pierre Damas Bel, yon jèn ayisyen 20 an, mouri nan sikonstans trajik. Nouvèl la ap sikile depi yè swa nan tout kominote a epi li kite anpil moun boulvèse.

Selon premye enfòmasyon ki pataje, jèn gason an tap viv yon moman difisil. Fanmi ak pwòch li rakonte li te genyen yon bwaslè elektwonik nan pye li ke ajan imigrasyon te mete, yon sitiyasyon ki te mete anpil presyon ak malèz sou li. Se detay sa yo ki ta nan kè dèy la.

news-details

James Reports, ki jwenn entèvyou ak fanmi ak moun ki te pwòch li, pote plis limyè sou dènye jou l yo. Nan entèvyou sa, pwòch yo dekri yon jèn ki te izole, ki pat santi l byen, e ki te bezwen sipò.

Nouvèl sa relouvri deba sou sante mantal nan kominote ayisyen nan dyaspora a, sitou pami jèn yo ki ap fè fas ak pwosedi imigrasyon. Anpil lidè kominotè nan Springfield ap mande pou plis akonpayman sikolojik ak sipò sosyal pou moun ki nan sitiyasyon vilnerab.

Ankèt ap kontinye pou klarifye sikonstans lan. Otorite lokal yo poko pibliye okenn rapò ofisyèl. Fanmi an mande respè ak vi prive pandan moman douloure sa.

LE PLACENTIN ap swiv dosye a. N ap raple tout moun: si w santi w dekouraje, pa rete pou kont ou. Pale ak yon moun ou fè konfyans, yon lidè kominotè, oswa rele yon liy èd.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Le Placentin

Journaliste

Le Placentin.

Laissez un commentaire


0 Commentaire