Le Placentin
<
Flash
news-details
Sport

Flash: Yon jwè foutbòl ayisyen fenk mouri pandan lap antrene

Foutbòl ayisyen an nan gwo tristès. Milye tèren ekip foutbòl Akayè a mouri jodi mèkredi 28 fevriye 2024 la pandan l ap antrene.

Olnyck Alézy anpil moun konnen sou non Fabregas pèdi lavi l nan yon antrenman ki tap fèt pou prepare Chanpyona Nasyonal la ki prevwa retounen samdi 2 mas kap vini la. Selon sa Ticket Magazine fè konnen, ta sanble se yon pwoblèm kè ki koz lanmò jwè foutbòl Fabregas.

news-details

Dram sa lage fanmi jwè a avèk tout manm klèb foutbòl Akayè a nan gwo lapenn. Èske otorite yo pa ta dwe louvri yon ankèt pou konn pi byen sak pase a? Li rete pou n swiv kòman swivi yo pral dewoule ant divès otorite ki twouve yo nan rejyon sa.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire