Le Placentin
<
Flash
news-details
Économie

Mon Cash anonse yon dèzyèm mezi obligatwa pou tout kliyan

Kèk jou aprè yo te mande pou tout kliyan elaji kont yo, Mon Cash anonse itilizatè li yo pou yo idantifye kont yo avan dat premye jiyè 2024 kap vini la.

Selon yon nòt sèvis la mete deyò tou 2 mezi sa yo se yon obligasyon pou tout kliyan, sinon yo pap ka fè okenn tranzaksyon aprè dat nou sòt site la. Desizyon sa pran sou obligasyon Bank Santral.

news-details

Kijan sa posib? 1. Itilize Aplikasyon MonCash la, swiv enstriksyon yo pou w ranpli fòm lan, soumèt yon pyès idantite valid ki kapab yon Lisans, yon Kat Elektoral, oswa yon Paspò, epi soumèt yon foto w (sèlfi) sou menm aplilasyon an;

2. Pase nan nenpòt Magazen Digicel ak telefòn ou ak yon pyès idantite valid; 3. Ou ka apwoche youn nan anplwaye MonCash yo ki ap disponib anpil kote nan peyi a pou ede w idantifye kont ou;

4. Voye yon imèl bay ClientsMonCash@digicelgroup.com ak pyès idantite w epi nimewo telefòn ou;

5. Tann yon SMS de yon nimewo ofisyèl MonCash k ap bay detay sou entriksyon yo ak yon lyen. Pou plis asistans MonCash envite kliyan li yo rele nan 202.

Nou ankouraje itilizatè yo pou yo konplete pwosesis idantifikasyon yo pou yo kontinye itilize kont yo.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire