Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Nèg ak zam nan komin Kafou asasinen epi mete dife sou yon ajan UDMO

Bandi ak gwo zam fann fwa moun pa rive idantifye asasinen polisye Cadet Gerto nan Komin Kafou epi mete dife sou li. Malfra yo komèt zak malonèt sa pandan ajan PNH la te lakay li nan Mawotyè 83 ayè jedi 22 fevriye 2024 la.

Pa gen okenn moun sou teritwa nasyonal la ki epanye anba zak bandi ap komèt sou tout teritwa pèdi yo. Menm polisye yo ki gen zam pou koresponn ak bandi yo pa sispann viktim. Se ka polisye 23zyèm pwomosyon sa bandi fini touye, yo pran kò a ale avè l epi yo rache l pou mete dife sou li, selon enfòmasyon SYNAPOHA kominike.

news-details

"Nan rete tann fòs kap vini, gouvèman neglije @pnh_officiel la, polisye Cadet Gerto 23e pwomosyon(UDMO)tonbe anba bal nèg a zam nan sware 22/2/24 la Lakay li Mawotyè 85(kafou). Daprè enfòmasyon yo bandi ale a kò Polisye a rachel mete dife sou li,nan 9 Jou neg a zam touye 3 polisye", se sa nou kapab li nan yon pòs responsable SYNAPOHA a yo fè sou x (Twitè).

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire