72 sitwayen ayisyen san papye jwenn arestasyon yo nan yon otèl ki nan pwovens ElÃas Piña.
Operasyon sa te kòmanse depi nan lannwit jedi 18 avril la. Se ofisye ki fè pati kò Espesyalize nan Sekirite Fwontyè yo (CESFronT) ki mennen operasyon sa nan lide pou anpeche epi dekouraje etranje ilegal yo kontinye foule teritwa dominiken an.
Ajan CESfront yo nan moman operasyon an te detèmine otèl sa te itilize kòm yon kachèt pa kontrebandye yo pou fè ayisyen san papye antre Sendomeng.
“CESFronT kontinye travay patwouy ak entèlijans entans li, an konfòmite ak direktiv Minis Defans lan, Lyetnan Jeneral Carlos Luciano DÃaz Morfa ERD, nan objektif pou elimine aktivite ilegal nan tout fwontyè a nan avantaj pèp dominiken an. ", Se sa yo rapòte nan Laprès peyi vwazen an.
Pou kounya, 72 ayisyen sa yo nan men Direksyon Jeneral Migrasyon (DGM) pou swit legal yo.
0 Commentaire