Lendi 16 novanm 2026, PNH pibliye yon kominike pou fè pè, kèk èd tan avan manifestasyon pwo Bukele ki pwograme pou demen madi 17 novanm nan. Li di l ap aplike lalwa kont nenpòt moun ki ta sèvi ak manifestasyon pou pwovoke dezòd. Li raple òganizatè yo dwe enfòme otorite yo 2 jou avan, kowòdone ak Fòs Lòd yo, respekte lalwa, san vyolans, san vandalis. Sou papye, sa sanble bèl. Men nan lari a, popilasyon an konnen verite a deja : PNH la fò lè se pou kraze manifestasyon, li fèb lè se pou goumen ak gang yo.
Se pa manifestan yo ki kontwole katye yo. Se pa manifestan yo ki mete baryè, ki kidnape moun, ki boule kay, ki fèmen lekòl ak lopital. Gang ame yo fè sa chak jou, devan je tout moun. Men lè gang yo ap tire, PNH souvan absan. Lè popilasyon an deside pran lari pou mande sekirite, dlo, manje, jistis, se lè sa a tout inite deplwaye, gaz lakrimojèn ap tire, bal ap chante, wout ap bloke. Fòs la parèt vit lè se pèp la ki ap manifeste.
Kominike DIKOP la pale de kèk endividi ki ta vle pwofite manifestasyon pou simen latwoublay, pou mete zam nan mitan foul la. Sa ka rive vre. Men kesyon an se : poukisa menm vijilans sa a pa genyen lè gang yo ap fè parad ak zam lou nan katye yo ? Poukisa PNH pa janm rive detounen operasyon l yo pou al dèyè gang yo, men li toujou pare pou detounen operasyon l yo pou al kanpe devan manifestan ? Lè se gang, se “operasyon ap kontinye”. Lè se pèp, se “tolerans zewo”.
Manifestasyon se yon dwa. Se pa yon krim. Pèp ayisyen an gen dwa di li bouke ak ensekirite, ak lavi chè, ak leta ki pa fè anyen. Olye leta tande vwa sa a, li chwazi menase. Li mande pou moun yo kowòdone, men ki kowòdinasyon ki posib lè menm leta sa a pa ka garanti sekirite manifestan yo ? Anpil fwa, se nan manifestasyon pasifik yo polis la pi brital. Se la yo arete jounalis, etidyan, militant, tankou si yo te pi danjere pase chèf gang yo.
Si PNH la te gen menm fòs sa a kont gang yo, Pòtoprens pa t ap nan eta sa a jodi a. Si l te mete menm enèji, menm estrateji, menm prezans li mete pou anpeche manifestasyon yo, pou l te reprann teritwa gang yo kontwole, anpil fanmi ta ka retounen lakay yo. Men jiskaprezan, sa nou wè se yon polis ki pi alèz pou fè fas ak sivil ki pa ame pase ak gwoup ame ki gen zam lagè.
Lapolis dwe pwoteje lavi ak byen moun, jan kominike a di l la. Men pwoteksyon sa a pa ka vle di sèlman pwoteje pouvwa a kont kritik pèp la. Pwoteksyon an dwe kòmanse kote gang yo ap touye, kidnape, vyole. Tant ke PNH la ap kontinye montre misk li sèlman devan manifestan, popilasyon an ap kontinye poze menm kesyon an : pou ki moun polis sa a ap travay vre ?
Jodi a, pèp la pa bezwen yon lòt kominike menas. Li bezwen rezilta. Li bezwen wè menm fòs sa a, menm kouraj sa a, menm rapidite sa a, nan batay kont gang yo. Sinon, tit kominike a ap rete vre nan je pèp la : yon polis ki gen fòs sou manifestan sèlman.
0 Commentaire