Le Placentin
<
Flash
news-details
Opinion

19 Sektanm 2024, 30 lane depi 22,000 solda ameriken te debake an Ayiti

19 Sektanm 2024, 30 lane depi peyi Etazini te pran desizyon pou anvayi Ayiti ak yon fòs operasyonèl miltinasyonal avèk plis pase 22, 000 solda ameriken pou yo te retabli demokrasi konfòmeman avèk rezolisyon 940 ki te vote nan dat 31 Jiyè 1994 la.

Etazini te itilize swaf pouvwa prezidan Aristide nan epòk la pou li te anfonse peyi Dayiti plis. Yo te itilize tou kriminalite rejim poutchis 1991-1994 la pou yo te vin etabli projè yo sou Ayiti paske daprè kalkil yo, pifò ayisyen nan epòk la te viktim represyon rejim militè an.

news-details

Retou prezidan Aristide te fèt pou blan meriken te kapab aplike program neyoliberal la, si nou fè ti kras rechèch sou kondisyon ki te dakò pou retou a, se pat bagay Ayiti ki t'ap regle menm jan koudeta 30 Sektanm 1991 pa te fèt pou enterè Ayiti tou, se te pou enterè CIA epi oligachi machann lan.

Nou pa ka pase sou silans konsekans lapli sanksyon OEA te koumanse vide sou Ayiti depi 8 Oktòb 1991, ki te ranfòse ak sanksyon Nasyonzini nan lane 1993, ki te gen gwo konsekans politik epi ekonomik sou do yon nasyon ki te deja pòv epi ki pat janm rive afekte otè koudeta yo vrèman. O kontrè, yo te profite sanksyon sila yo pou yo te rich nan komès esans ( gaz ) ilegal. Nou kapab di rejim militè ilegal epi sanglan ki te tabli kò li aprè koudeta 30 Sektanm 1991 lan te bay administrasyon prezidan Bill Clinton lan okazyon pou li te vin regle zafè politik li Ayiti sou preteks retablisman demokrasi ki pa te janm reyel menm aprè retou prezidan Aristide, menm si gouvenman reprezantatif la te tounin. Nou pa bliye tou ofisye yo ki te nan tèt koudeta sa te konplis CIA tou.

Se domaj pou peyi Dayiti. Nan epòk sila, tisi sosyal la te fann an miyèt moso ant patizan epi advèsè koudeta kont prezidan Aristide la.

Frè ak sè ayisyen ki pat ka antann yo ta pral bay okazyon pou peyi an te konnen 3 lane tris 1991-1994, ki jouk jounen jodia gen konsekans yo ak efè nefas sou peyi a.

Lambert ( Capois )

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Le Placentin

Journaliste

Le Placentin.

Laissez un commentaire


0 Commentaire