Polis Nasyonal Ayiti (PNH), atravè sèvis ransèyman li yo, anonse li idantifye plis pase 18 000 tranzaksyon finansye sispèk ki fèt atravè platfòm NatCash ak MonCash, nan espas sèlman 72 èdtan. Dapre kominike Direksyon Kominikasyon Polis la (DIKOP) pibliye madi 17 novanm 2026 an, nan Taba, operasyon sa yo ta enplike nimewo telefòn sispèk ki ta asosye ak manm gwoup bandi, ki ta voye lajan bay divès benefisyè ki gaye sou tout teritwa nasyonal la.
Dapre enfòmasyon ki disponib yo, tranzaksyon sa yo konsène montan fiks ki varye ant 5 000 ak 15 000 goud. Se kantite tranzaksyon yo ak frekans yo ki leve enkyetid lakay otorite yo, paske yo ta ka gen rapò ak blanchiman lajan, kache fon finansye, ak finansman rezo kriminèl yo. Yon modèl konsa, dapre PNH la, pa sanble yon aktivite finansye òdinè.
Anplis, analiz operasyon sa yo fè sèvis konsène yo anvizaje posibilite yon estrateji ki ta vize deranje dispozitif sekirite ki deja deplwaye sou teren an. Objektif la ta ka pwovoke twoub nan lòd piblik la epi kreye feblès nan operasyon sekirite yo, pou kapab fasilite deplasman ak redistribisyon gwoup kriminèl yo nan diferan zòn nan peyi a.
Fas ak sitiyasyon sa a, Direksyon Jeneral PNH la di li gen entansyon kontinye analize epi eksplwate enfòmasyon ransèyman sa yo, pandan l ap ranfòse ankèt ki nesesè yo. Objektif la se idantifye benefisyè yo, moun ki ta bay lòd yo, ansanm ak tout rezo ki ta kapab enplike nan operasyon finansye sispèk sa yo.
Dekouvèt sa a vini nan yon moman kote peyi a ap fè fas ak gwo defi sekirite, epi li mete aksan sou nesesite pou kontwole pi byen sikilasyon lajan atravè platfòm mobil yo. Pou anpil sitwayen, se yon siyal ki montre batay kont ensekirite a pa sèlman sou teren an, men tou nan sistèm finansye a, kote rezo kriminèl yo ta ap chèche fason pou yo kontinye fonksyone.
0 Commentaire