Pou pi piti 3 jenn gason mouri nan komin Petyon Vil, depatman Lwès peyi a, nan lannwit samdi 6 pou rive dimanch 7 jiyè 2024 la.
Gen 2 mò atè a nan ri Gaba, tou prè legliz Sent Terèz epi gen yon lòt nan ri Dagen. Selon kèk manm nan Popilasyon an gen yon lòt moun ki blese grav ak Katouch tou prè legliz Sent Terèz la toujou.
Pou kounya, nou poko konnen nan ki sikonstans dram sa yo rive e kiyès moun sa yo ye tou. Ni kiyès ki dèyè zak sa yo.
Nap raple ke, nan aprèmidi jedi 4 jiyè 2024 la, nèg ak zam nan komin Petyon Vil, touye Jonas Civil, ki se yon anplwaye imigrasyon.
Réginald Reimbel li menm ki se yon machann soulye, ki konn kiyès ki fè Krim sa, al rakonte pawòl la, epi bandi yo tounen vini tire Reimbel.
Malgre prezans fòs la sou teritwa a, bandi yo pa sispann feraye.
0 Commentaire