Le Placentin
<
Flash
news-details
Environnement

3 manm nan yon sèl fanmi mouri ak plizyè lòt blese nan yon glisman tèren nan Pòdepè

3 manm yon sèl fanmi pèdi lavi yo epi plizyè lòt sòti blese nan yon glisman tèren ki fèt nan komin Pòdepè, nan depatman Nòdwès peyi a.

Dram sa rive nan awondisman sa nan aprèmidi dimanch 28 avril 2024 la, nan ri Lopital. Divès kote nan depatman an te genyen gwo lapli, sa ki pwovoke yon glisman tèren. Yon miray tonbe sou yon lòt kay ki te pi ba li.

news-details

Bilan pasyèl: Elda Telfort, Yoldine Silla, ak Widdalens Belfort ki se yon timoun ki genyen ant 4 ou 5 lane pèdi lavi yo. Genyen plizyè lòt k ap pran swen Lopital Imakile Konsepsyon nan Vil la, daprè sous redaksyon jounal la .

Dram sa lage gwo tristès nan mitan fanmi viktim yo ki pat pare pou kou di sa.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire