Le Placentin
<
Flash
news-details
Éditorial

Ayiti : PIYAY POU BANDI

Nan tout peyi ki gen dirijan reskonsab, misyon yo se toujou chache “BYEN ÈT” pou popilasyon yo a, tankou: mete yon sistèm pou moun yo an sante, travay pou moun yo jwenn manje pou yo manje, mete yon sistèm edikasyon pou fòme sitwayen yo, ak anpil lòt bagay ankò tankou SEKIRITE ki se pilye oswa Nwayo bon fonksyonman nan tout sosyete. Nan peyi nou Ayiti se diferan , se yon sosyete dirijan yo pa wè pi lwen ke pwent nen yo, li vin paka lòt bagay ke bandi kap dirije, e PIYAY POU BANDI

Li pap lòt bagay ke PIYAY POU BANDI lè nan yon peyi leta demisyone, leta pa ankadre ni timoun ni jenn moun ki se avni yon peyi, BANDI ap toujou kapab itilize sila ki gen tèt fèb yo pou ede yo kraze brize ak simen latwoublay.

news-details

PIYAY POU BANDI, nan yon peyi kote otorite yo dozado pou jere enterè mesken yo, yon administrasyon piblik divize, chak moun ap regle zafè yo san rann kont de soufrans popilasyon an, ki donk divizyon sa yo se pou avantaj ennmi yo.

Lapolis se oksilyè Lajistis, nan peyi nou Ayiti aktyèlman, DG Lapolis, Rameau Normil pa anamoni ak minis Lajistis, Kijan ou ta vle pou se pa PIYAY POU BANDI??? An Ayiti nan moman la DG Rameau Normil pa danse kole ak reskonsab DCPA, Alain Auguste ki la pou planifye operasyon eksetera , Kijan ou ta vle pou se pa PIYAY POU BANDI ??? An Ayiti aktyèlman Premye minis Alix Didier Fils-Aimé genyen Vladimir Paraison nan pòch li pou vin ranplase Rameau Normil nan tèt Lapolis la, ki donk pa gen koyezyon nan moman nan mitan li menm ak DG Rameau Normil, Kijan ou ta vle pou se pa PIYAY POU BANDI ??

Yon lòt bò, KPT ak règle zafè pa yo, yo konsantre sou kesyon kiyès kap vin chèf 7 mas pwochen, pandan popilasyon an pa konn ki sen pou li rele BANDI ap taye banda, san ap koule dèlma 17, 30 Taba 27 elatriye, Lajan ransèyman kontinye ap gonfle chèf KPT yo, frè , pèdiyèm elatriye, menm pou yon fwa yo pa frape pye ni fè okenn mouvman kont ensekirite a,yo di zafè kabrit pa zafè poul. Ki donk PIYAY POU BANDI.

Popilasyon an li menm, Sila ki ka jere zòn pa yo , sila ki fè brigad yo fèl, kèk nan yo di depi ti katye kote yo a poze, yo pa konn doulè lòt, epoutan bandi yo se mache yap mache , tipa tipa pou yo pran tout teritwa yo nan zòn Metwopolitèn nan. PIYAY POU BANDI…

Jiskilè Abraham a di sètase pou pèp Ayisyen an? Jiskilè popilasyon an a sispann kouri pou bandi, ouff Jiskilè !! Toutotan pa gen kolaborasyon ant otorite yo, pou kwape ensekirite a, depi van divizyon an kontinye ant chèf yo pandan bandi yo menm ini yo pou yo fè zak sal, se ap toujou PIYAY POU BANDI

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Le Placentin

Journaliste

Le Placentin.

Laissez un commentaire


0 Commentaire