Le Placentin
<
Flash
news-details
Immigration

5 dominiken vyole epi vòlè kòb yon ayisyèn nan Repiblik dominikèn

5 dominiken vyole yon ayisyèn an Repiblik dominikèn. Viktim nan deja depoze yo plent Kont agresè li yo.

Viktim nan rele Nathali Sánchez. Daprè sa li eksplike, pandan l t ap mache San Francisco pwovens Duarte, 2 dominiken rale zam sou li e yo mennen l yon kote ki te gen 3 lòt dominiken ki t ap tann malfra yo. Se la yo kenbe l epi fòsel fè bagay ak yo.

news-details

5 dominiken sa yo vòlè pou li tou 5 mil pèso avèk telefòn li.

Viktim nan depoze yon plent kont 5 dominiken sa yo ayè lendi 13 me 2024 la. E li mande otorite dominikèn yo pou arete kadejakè sa yo.

Se pa premye fwa resòtisan ayisyen yo ap viktim zak vyòl nan Sendomeng. Nap raple ke, nan mwa avril pase a, yon Polisye dominiken te vyole yon minè 14 lane pandan yon operasyon imigrasyon tap fè kont konpatriyòt nou yo.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire