Yon bato ki t ap transpòte etidyan nan 3yèm ak 4yèm ane Inivèsite Anténor Firmin (UNAF) chavire pandan travèse a, apre yon jounen rekreyatif nan Kadras.
Yon moun nan zòn nan eksplike ke se vigilan kèk moun Labadee ak 3 jetski ki sove kèk etidyan.
Bato a koule nan mitan lanmè apeprè 25 minit de tè ferm. Selon enfòmasyon yo, se sèlman 6 etidyan ki rive sove sou yon total 27 ki te sou bato a.
Gen youn nan etidyan yo ke yo jwenn kadav li. Rechèch yo ap kontinye.
Enfòmasyon sou kantite moun ki mouri, ki sove, ke yap chèche... ka chanje a nenpòt ki lè.
Gerard Maxineau
0 Commentaire