Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Komisè Muscadin poze lapat sou Wilson Mathurin ki ta komèt plizyè krim nan gran sid la

Wilson Mathurin se non endividi sa komisè Jean Ernest Muscadin arete, jodi Dimanch 31 Mas 2024 la, nan kad yon operasyon li tap mennen nan yon lokalite ki rele Lakolin Daken( Sud).

Endividi sa jwenn arestasyon l paske li patisipe nan lanmò yon polisye ajan 3 ki te rele "Charlotin", polisye sa te afekte nan APENA okay la.

news-details

Selon Komisè Muscadin, akize a gen 2 jou depil te touye yon diaspora nan vil Aken jou ki te vandredi 29 Mas la, akoz viktim lan te pote plent pou li nan Pakè Miragwán lan.

Sou yon lòt bò, Komisè a souliye, ke Wilson Mathurin se yon tip ki deja komèt anpil move zak nan kominote Aken an.

Pou kounya a, prezime asasen sila a anba kòd nan Pakè Miragwán lan pou swit penal yo.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Daphney AIMÉ

Journaliste

Journaliste/Reporter , Assistante Administrative expérimentée; dynamique, responsable et laborieuse.

Laissez un commentaire


0 Commentaire