Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Lanmò San Jou libere youtoubè ameriken an ak jounalis ayisyen an

Jounalis meriken an ak tout ayisyen ki te avèl la jwenn liberasyon yo jodi samdi 30 mas 2024 la, daprè yon videyo ki viral sou rezo sosyo yo.

Se bandi ak zam nan baz 400 Mawozo ki te kidnape yo. Addison Pierre Maalouf, yon selèb youtoubè ameriken avèk yon jounalis ayisyen ki te ak li te kidnape nan dat 14 mas 2024 la, anba mòn kabrit pandan yo t ap sòti Okap. Nan moman an yo tap ale Dèlma 6, pou yon entèvyou avèk chèf gang Jimmy Cherizier alyas Barbecue.

news-details

Gen enfòmasyon ki fè kwè ke, pwòch victim yo te deja bay 40 mil dola ameriken sou 600 mil dola ameriken bandi yo reklame pou liberasyon otaj yo.

Jodi samdi 30 mas 2024 la, nan yon videyo ki piblik, nou kapab konstate mesye yo kap di kijan yo te pase yon bon moman nan baz 400 Mawozo. E pandan yo prale a, lanmò San Jou menm ba yo rad.

Zak kidnapin sa, anpil medya entènasyonal te pale de li.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire