Nèg ak zam ki fè pati regwoupman “Viv ansanm “ nan tire sou yon kamyon Meri Pòtoprens jodi mekrèdi 29 me 2024 la. 3 anplwaye blese ak bal. Pou kounya yap resevwa swen lopital.
Aksyon sa pase nan ri dèkazèn, pandan anplwaye yo ki te nan kamyon Meri a t ap al jete fatra. Selon enfòmasyon redaksyon an dispoze, moun ki pran bal yo se Madam Vòlma, chofè a ki se Pierre Jacques epi Billy ki se asistan chèf sèvis vwari a.
Nan moman anplwaye yo pral jete fatra gen yon cha Lapolis kap pase nan zòn nan an menm tan epi anplwaye yo viktim de atak sila.
Pou kounya viktim yo ap pran swen nan yon lopital nan kapital la.
Kèk lòt anplwaye ki te nan machin nan eksprime enkyetid yo pou nivo fenomèn ensekirite a monte nan peyi a pandan yo mande pou Lapolis akonpanye yo nan moman ke yap desèvi popilasyon an.
Nap raple ke, jou ki te vandredi 24 Mai 2024 la, yon anplwaye Meri Pòtoprens te viktim de yon bal nan tèt nan ri dè kazèn nan moman anplwaye a tap kondwi yon Bouldozè anba lavil la, yon gwoup nèg ak zam anvayi espas la nan lide pou te vòlè materyèl Leta a, anplwaye a te refize desann, bandi yo pousel yon bal nan tèt li.
Finalman popilasyon an pa konn ki sen poul rele ak kesyon bandi ak zam nan peyi sa.
0 Commentaire