Le Placentin
<
Flash
news-details
Éducation

Kowalisyon gang yo kraze lekòl “Élie Dubois“ ki chita kò l nan ri di sant lan

Yon lòt fwa ankò, yon lòt enstitisyon pou edikasyon pase anba woulo nèg ak zam nan Kapital la. Gwo dife eklate jodi lendi 29 avril la nan lekòl “Élie Dubois“, pa lwen Penitansye Nasyonal, Bibliyotèk Nasyonal, enstitisyon Saint-Louis de Gonzague, Press National ak Le Nouvelliste, ki yo menm tou deja viktim de move zak bandi yo.

Anyen pa te ka fèt pou anpeche destriksyon prestijye enstitisyon sa a , ki te inogire an Desanm 1913 nan yon bilding epòk e ki te dedye a jèn fi ki oryante nan fòmasyon pwofesyonèl ak kolèj fòmasyon pwofesè.

news-details

Lekòl, biwo leta se prensipal sib gwoup gang yo depi dènye monte vyolans yo depi mwa mas sa. Popilasyon an pa sispann mande jis kilè sa ap bout. Eske avèk enstalasyon konsèy 9 manm sa, n a rive rale yon souf?

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Yvena ISIDOR

Journaliste

Journaliste, à la fois présentatrice de radio et rédactrice depuis 2021, Professeure de mathématiques avec une formation en génie civil, militante dans le monde culturel comme animatrice de club d'art et de spectacle.

Laissez un commentaire


0 Commentaire