Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Popilasyon Mibalè a pase yon polisye ak yon lòt endividi anba bwa kale, yo akize yo nan kesyon achte zam ak bal pou bandi

Jodi vandredi 29 mas 2024 la Pat dous ditou nan vil Mibalè, yon polisye ak yon lòt endividi ke yo akize nan konivans ak bandi pase anba bwa kale nan men popilasyon an.

Alexandre Ananel, polisye ajan 2 ki genyen nimewo matrikil 13-24-05-12265 ak Musca Michelet ki se yon anplwaye KEP a pase anba bwa kale nan vil mibalè gwo jodi vandredi sen an.

news-details

Aprè fòs lòd nan vil Mibalè te fin arete mesye sa yo kòm kwa ke yo te an misyon pou al achte minisyon pou bandi ame, popilasyon sivil la fè va sou fòs lòd yo epi pase 2 mesye yo anba bwa kale.

Daprè Plizyè sitwayen nan vil la, mesye yo te an posesyon de plizyè milyon goud, melanje ak plizyè bwat.

Se yon dosye redaksyon Jounal la ap swiv de trè prè, pou pote plis detay nan ka ta genyen evolisyon .

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Le Placentin

Journaliste

Le Placentin.

Laissez un commentaire


0 Commentaire