Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Lapolis kontinye mennen operasyon kont bandi yo nan vil Mibalè

La Polis fè konnen operasyon kont bandi yo pap kanpe nan komin Mibalè, espesyalman nan lokalite Tè Wouj avèk Fon Cheval.

Plizyè gwoup bandi ki tap tante anvayi vil la te lage gwo kè kase nan mitan popilasyon an. Sa ki tap pral rann divès inite nan PNH la mobilize epi touye plizyè bandi nan rejyon sa pami yo chèf gang Joseph Janès alyas "Ti avyon".

news-details

Nan moman sa nap raple w fòs lòd yo te sezi zam avèk machin ki te an posesyon malfra sa yo.

Majistra vil la bò kote pa l te montre tou li detèmine pou Mibalè pa vini yon teritwa pèdi tankou Matisan, Maryani, Kanaran avèk plizyè lòt zòn nan peyi a. Lochard Laguerre te pran plizyè mezi tankou mande tout lekòl pou te fèmen pòt yo, mande tout chofè moto kanpe travay epi sektè bank lan avèk komès la dwe kanpe travay apati 1h nan aprè midi.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire