Aprè plis pase 2 mwa nan prizon, ansyen prezidan chanm depite a, Cholzer Chancy jwenn liberasyon li jodi mèkredi 27 mas 2024 la.
Se jij Al Duniel Dimanche ki te arete ansyen depite Ennri a, jou lendi ki te 22 janvye 2024 la, nan kad dosye ki gen pou wè avèk detounnman materyèl CNE; aprè ULCC te mennen yon ankèt sou dosye sa.
Lajistis te tande l plizyè fwa; aprè yo te transfere li Penitansye Nasyonal. Malgre prizon an te kraze, li pat deside sove.
Jodi mèkredi a, aprè plizyè èd tan odisyon, jij Merlan Belabre deside libere ansyen depite Cholzer Chancy.
0 Commentaire