Le Placentin
<
Flash
news-details
Politique

Ayiti/Kriz: Konsèy Prezidansyèl la deja elabore kritè sou chwa prezidan ak premye minis la

Konsèy Prezidansyèl la anonse yo deja elabore kritè ak mekanis sou chwa Prezidan an, sou nominasyon Premye minis la ak tout kabinè Ministeryèl la.

Nan yon kominike yo pibliye jodi mèkredi 27 mas 2024 la, 9 manb konsèy Prezidansyèl la di yo detėmine pou soulaje soufrans pèp ayisyen an ki pran nan nas move gouvènans, vyolans tout kalte, mepri sou aspirasyon ak bezwen li yo.

news-details

Yo fè konnen tou, nan tèt ansanm, Konsèy Prezidansyèl la ap ekzekite yon plan pou restore lòd piblik ak demokratik a travè retablisman sekirite vi ak byen popilasyon an, soulaje mizè, reyalize eleksyon lib ak tout lot refòm nesesè pou pwogrè nasyon an.

"Konsèy Prezidansyèl la ap finalize yon dokiman sou òganizasyon ak mòd operasyon li yo ki gen ladann tou yon akò politik transparan ant sektė ki enplike nan pwosesis la. Konsèy Prezidansyèl la salye kouraj ak travay ajan lòd yo k ap fè respekte lalwa epi sekirize espas piblik la malgre tout defi anviwonman difisil sa a", se sa nou Kapab li nan kominike a.

Yo estime peyi a nan yon kalfou enpòtan ki mande inite. "Se yon obligasyon pou nou tout met tèt ansanm pou rezoud kriz la e pou n rive tabli byennèt tout moun epi yon pi bon avni pou peyi nou an".

9 Moun sa yo se: Smith Augustin, ki reprezante RED/EDE/Compromis Historique; Louis Gérald Gilles, Akò 21 desanm; Fritz Alphonse Jean, Akò Montana; Frinel Joseph, Sosyete sivil; Edgar Leblanc Fils, Kolektif 30 janvye; Laurent St-Cyr, Sektè Prive; Emmanuel Vertilaire, Pitit Dessalines; Leslie Voltaire, Fanmi Lavalas ak Régine Abraham, REN.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire