Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Ensekirite : Bandi touye yon fanm ak plizyè bal nan Pòtoprens

Pandan yon bò moun ap onore Manman yo, yon lòt bò bandi menm ap touye yo. Bandi touye yon fanm ak plizyè bal nan Pòtoprens. Yon viktim an plis nan kad fenomèn ensekirite jeneralize a.

Zak sa pase samdi 25 me 2024 la, tou prè Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm nan avni Many, nan komin Pòtoprens.

news-details

Enfòmasyon pèsonèl sou viktim nan poko piblik nan moman an. Kadav dam sa pase plizyè èd tan sou twotwa a.

Bandi ak zam pa janm sispann touye moun nan divès rejyon nan peyi a malgre Misyon entènasyonal la pa trò lwen debake.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire